Massillon Coicou

Jean-Baptiste Massillon Coicou, rele Massillon Coicou (nan kreyòl : Masiyon Kwakou), ki fèt 9 oktòb 1867 nan Pòtoprens epi ki mouri 15 mas 1908, se yon powèt, ekriven ak politisyen ayisyen.

Massillon Coicou
(an kreyòl : Masiyon Kwakou)
Image illustrative de l’article Massillon Coicou
Nesans
Pòtoprens
Lanmò (ak 40 ane)
Pòtoprens Ayiti
Nasyonalite Ayisyen

Biyografi

Massillon Coicou te fèt 9 oktòb 1867 nan Pòtoprens. Li te fè etid primè li nan Frè Lekòl Kretyen (Frères des Écoles Chrétiennes) epi li fè etid sekondè li nan Lise Nasyonal nan Pòtoprens. Li te ekri pwezi, pyès teyat, ak tèks, epi li te diplomat tou.  

Li te soti twa rekèy pwezi, dram, tèks ak yon woman ki pa te janm fin ekri, ki rele La Noire (1905).

Premye rekèy la rele Poésies nationales (1892) ki trete plizyè tèm tankou revolisyon ayisyen an, istwa peyi a ak evènman ki te fè gwo enpak sou kreyasyon nasyon an. De lòt rekèy li te soti yo rele Passions ak Impressions (1903).

Massillon Coicou te ekri plizyè dram sou istwa Ayiti a. Dram ki pi koni yo se L'Empereur Dessalines: Drame en deux actes en vers (1907) ki li reyalize nan lane 1906 pou komemore santyèm anivèsè asasina Jean-Jacques Dessalines.

Nan lane 1908, lapolis nasyonal te egzekite li ansanm avèk de (2) frè li yo poutèt yo t ap òganize yon koudeta kont gouvènman Pierre Nord Alexis.

Zèv li yo

Pwezi

  • 1892 ː Poésies nationales (premyè seri). Pari : V. Goupy et Jourdan, 1892; Pòtoprens : Imprimeri Panorama, 197-?; Pòtoprens : Presses Nationales d’Haïti, 2005.
  • Passions, primes vers d’amour et variations sur de vieux thèmes. Pari : Dujarric, 1903.
  • Impressions; rêves des jours de trêve (de la vingtième à la trentième année). Pari : Dujarric, 1903.
  • Complaintes d'esclave
  • Vertières
  • Fefe president

Tèks

  • Le génie français et l’âme haïtienne. Pari : Librairie de la Renaissance Latine, 1904.

Dram

  • 1896 ː Toussaint au Fort de Joux
  • 1901 ː L’oracle (powèm dramatik ayisyen). Pari : Ateliers haïtiens.
  • 1904 ː Liberté. 1904. (pa janm pibliye)
  • 1905 ː L’Alphabet. 1905. (pa janm pibliye)
  • L’Empereur Dessalines (dram nan de (2) zak nan vè). (2yèm zak pyès teyat pa janm pibliye) Pòtoprens : E. Chenet, 1907 ; Pòtoprens : Fardin, 1988.

Woman

  • 1905 ː La Noire.

Referans

Lyen deyò

Tags:

Massillon Coicou BiyografiMassillon Coicou Zèv li yoMassillon Coicou ReferansMassillon Coicou Lyen deyòMassillon Coicou15 mas186719089 oktòbPòtoprens (komin)

🔥 Trending searches on Wiki Krèyol ayisyen:

LiteratiRapò seksyèlMartine PhebeAdolf HitlerEnfeksyonDe vuelta al barrioSeksyaliteDrapoMiyamiRadyoLis ekriven ayisyenFilipinFondasyon WikimedyaDevwaVaryasyonPouvwa jidisyèMassillon CoicouGuillaume CramoisanOregonFelix Morisseau-Leroy1973ParagrafPandemi Covid-19Lang (pawòl)Jean-Claude DuvalierEndoneziJovenel Moïse11 avrilÉmile RoumerKont kreyòlLanatiAlmanKiltiÉvelyne TrouillotEntènètLuck MervilLeonid LevinYon sèl dwèt pa manje kalalouSèvisNeyonLochard NoëlPapa LegbaLou CastelLebanon, Tennessee1e avrilOkipasyon ameriken an Ayiti, 1915-1934Prêtres interditsEdeEntèferansFausto SáinzMeksikVèbOwayo🡆 More